City of High Springs, Florid prevwa aplike pou finansman nan Enfrastrikti Jeneral Pwogram Rebati Florid la ke Depatman Lojman ak Devlopman Iben Etazini (HUD) bay pou sipòte efò alèjman alontèm, yo bay Eta Florid ak gouvènman lokal li yo èd pou minimize oswa elimine risk yo ak diminye pèt ki ka soti nan dezas a lavni. Se Depatman Opòtinite Ekonomik Eta Florid (DEO) ki administre pwogram sa a atravè Sibvansyon Devlopman Kominotè pou chak Blòk - Alèjman Pwogram Enfrastrikti Jeneral (CDBG-MIT GIP). Alokasyon total pou finansman CDBG-MIT GIP Round II a se $175,000,000 avèk yon demann finansman minimòm de $2,000,000 pou chak aplikasyon. Pa gen okenn kondisyon ki demande gouvènman lokal la pou match valè yo bezwen an avan yo aplike pou finansman an.
City of High Springs, Florid prevwa pou soumèt 2 (de) aplikasyon pou yon total de $28,135,000 nan finansman atravè CDBG-MIT GIP Round II a. Men Pwojè yo:
Railroad Avenue Roadway and Infrastructure Improvements ($15,400,000)
Douglass Neighborhood Roadway and Infrastructure Improvements ($12,735,000)
An akò avèk konsèy HUD bay, kondisyon opinyon piblik la pou pwogram sa a gen ladanl opsyon pou afiche enfòmasyon sou pwojè finansman yo pwopoze yo sou yon sit entènèt piblik ak yon peryòd de 14 jou pou kòmantè piblik. Tanpri voye nenpòt kòmantè oswa kesyon bay Bruce Gillingham, Assistant City Manager, 386-588-4214, bgillingham [at] highsprings.us (bgillingham[at]highsprings[dot]us). Kòmantè yo dwe soumèt avan 09/14/2021. REMAK: Yon kopi pòs sa a ak nenpòt kòmantè piblik nou resevwa pral jwenn DEO kòm yon pati nan aplikasyon finansman an.